Rivyè lavi a, Glwa Dènye Kay la1. Gen yon flèv ki soti nan kè Bondye, yon flèv ki pa janm sispann koule, menm lè sezon yo chanje, menm lè nasyon yo tranble, menm lè kè moun vin lou anba chay lavi. Flèv sa a se pa dlo natirèl; li se yon mouvman, yon prezans, yon souf ki pote lavi kote lanmò te deja pran plas. Se flèv sa a Bondye voye pou leve jenerasyon ki te tonbe, pou reveye nasyon ki te dòmi, pou ranfòse fanm ak gason ki te pèdi direksyon yo.2.
Lè flèv la pase, li pa sèlman rafrechi; li transfòme. Li antre nan zòn ki te gen sechrès, li antre nan kote ki te vin dezè, li antre nan kote ki te san espwa. Li pote yon kalite imidite espirityèl ki fè tout bagay retounen pran rasi-n. Nan flèv sa a, gen gerizon pou kè kase, gen limyè pou lespri ki te nan fènwa, gen direksyon pou moun ki te pèdi wout yo.3. Flèv la pa mache ak bri; li mache ak otorite.
Li pa bezwen fè anpil mouvman pou montre fòs li. Lè li parèt, tout lòt vwa fè silans. Lè li rive, tout lòt sous ki te sanble enpòtan vin pèdi valè yo. Paske flèv sa a se pa yon flèv ki soti nan tè; li soti nan Tròn Bondye a. Se flèv ki pote volonte Bondye, plan Bondye, ak glwa Bondye.4. Gen moun ki wè flèv la, men yo pa antre ladan l. Gen lòt ki tande bri li, men yo pa suiv li. Men gen yon gwoup, yon rès, yon pèp ki gen zòrèy pou tande ak kè pou obeyi.
Se yo menm ki antre nan flèv la, menm lè dlo a frèt, menm lè kouran an fò, menm lè yo pa konprann tout sa Bondye ap fè. Yo antre paske yo konnen flèv la pa mennen nan destriksyon, men nan destinasyon.